Jeremiah 17:2
pou pitit yo ka chonje tout lotèl yo ak tout poto repozwa yo plante bò pyebwa plen fèy sou tèt mòn yo.
Bib La
In The King James Version
Whilst their children remember their altars and their groves by the green trees upon the high hills.
In Context
Cross References
Judges 3:7Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.
2 Chronicles 33:3Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.
Psalms 78:58Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.
Isaiah 17:8Yo p'ap vire tèt yo bò lotèl zidòl yo te fè ak men yo. Yo p'ap leve je yo gade poto yo te mete kanpe pou Achera, zidòl fanm lan, ak lotèl kote y'ap boule lansan an.
Jeremiah 7:18Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin pou fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap ofri diven vide atè pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou yo fè m' lapenn.
Hosea 4:13Yo moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye. Y' al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn, anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbraj! Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè.