Jeremiah 34:21
M'ap pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki soti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:18Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefanya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye.
Jeremiah 34:3Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l' tou. W'a kontre avè l' bab pou bab. W'a pale avè l'. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn.
Jeremiah 39:6Li fè yo touye pitit gason Sedesyas yo la devan je msye. Li fè touye tout chèf peyi Jida yo tou.
Jeremiah 52:24Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye.
Ezekiel 17:12-Pale ak bann moun tèt di sa yo. Mande yo si yo konprann sans parabòl la. Di yo konsa: Wa lavil Babilòn lan te vini lavil Jerizalèm, li pran wa a ansanm ak tout chèf li yo, li mennen yo ansanm avè l' lavil Babilòn.
Ezekiel 17:20M'ap voye privye m' sou ou, w'ap pran nan may yo, m'ap trennen ou lavil Babilòn. Se la m'ap pini ou pou kenbe ou pa te kenbe pawòl ou avè m'.