Jeremiah 39:4
Lè wa Sedesyas ak tout sòlda li yo wè sa, yo tann lannwit rive, yo mete deyò. Yo pase nan jaden wa a, yo soti nan pòtay kote de miray yo kontre a, yo kite lavil la. Yo pran chemen ki mennen nan Fon Jouden an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:17M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.
Deuteronomy 28:25L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
2 Kings 25:4Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo.
Isaiah 22:3Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gen tan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou.
Isaiah 30:15Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, lèfini ret trankil, n'a delivre. Ret dousman, met konfyans nou nan mwen. Se sa ki tout fòs nou. Men, nou pa t' vle.
Jeremiah 38:18Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l'. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo.