Jeremiah 50:13
Paske Seyè a pral move sou li. p'ap gen pesonn rete nan lavil Babilòn lan. Tout kay li yo ap tounen mazi. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'a mete men nan tèt lè y'a wè tout sa ki rive l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 27:23Moun kontan wè jan li fini. Kote l' pase, y'ap rele chalbari dèyè l'.
Jeremiah 18:16Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.
Jeremiah 25:12Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan.
Jeremiah 51:37Lavil Babilòn ap tounen yon pil mazi kote bèt nan bwa rete, yon dezè kote pesonn pa rete. Tout moun k'ap wè sa pral sezi, y'a mete men nan tèt.
Habakkuk 2:6Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li!
Zechariah 1:15Men, mwen move anpil sou nasyon k'ap mennen lavi dous yo. Mwen te fache sou pèp mwen an, se vre. Men, mwen pa t' twò fache pase sa. Men, nasyon yo pwofite, yo fè gwo malè sou li.