Jan 16:21
Lè yon fanm gen tranche, kè l' sere, paske lè a rive pou l' soufri. Men, lè pitit la fin fèt, li bliye tout soufrans li yo tèlman li kontan dapre yon lòt timoun vin sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:16Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.
Genesis 30:23Se konsa Rachèl vin ansent, li fè yon pitit gason. Li di: -Bondye fè yo sispann pase m' nan rizib.
Job 11:16W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.
Isaiah 13:8Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont.
Jeremiah 30:6Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wè tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale.
Micah 4:10Tòde kò nou, nou menm moun lavil Jerizalèm! Plenn tankou fanm ki sou choukèt! Paske, koulye a nou pral soti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilòn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Seyè a ap vin wete nou nan men lènmi nou yo.