Jan 7:35
Jwif yo yonn t'ap mande lòt: Ki bò l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l' moutre moun Lagrès yo anpil bagay?
Bib La
In The King James Version
In Context
34N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m' prale a.
Cross References
Psalms 67:1(067:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. (067:2) Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou,
Isaiah 11:10Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.
Isaiah 27:12Jou sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Seyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fwontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi.
Zephaniah 3:10Moun ap soti byen lwen lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, y'ap vin ansanm ak moun pèp mwen an ki te gaye toupatou, y'ap pote ofrann yo ban mwen.
Luke 2:32Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.
John 12:20Te gen kèk moun peyi Lagrès nan moun ki te vin Jerizalèm pou adore pandan fèt la.