Jude 1:15
L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:3Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè.
Psalms 31:18(031:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo.
Psalms 50:1Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Psalms 94:4Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?
Psalms 149:9pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!
Ecclesiastes 12:14Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.