Lamentations 4:8
Koulye a, se lonbraj yo ase ki la. Yo fini. Pesonn pa rekonèt yo nan lari. Po yo chèch tankou kòs bwa, yo tounen zo ak po.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 2:12Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.
Job 30:17Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete.
Job 33:21Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen.
Psalms 38:3(038:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
Psalms 102:11(0102:12) Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb.
Isaiah 52:14Menm jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l', sitèlman li te defigire, sitèlman figi l' pa t' sanble menm ak figi moun,