Lik 8:10
Li reponn yo: Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l' an parabòl; konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Disip li yo mande l' kisa parabòl sa a vle di.
11Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye.
Cross References
Psalms 25:14Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
Isaiah 29:14Se poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen.
Jeremiah 5:21Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande.
Matthew 13:11Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.
Mark 4:11Li di yo: -Nou menm, nou resevwa sekrè Peyi kote Bondye Wa a; men moun ki deyò yo, yo tande tout bagay an parabòl.
John 12:40Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo.