Mak 10:14
Lè Jezi wè sa, li pa t' kontan menm. Li di disip yo: -Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:10Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi.
Deuteronomy 4:37Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.
Joshua 8:35Jozye li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.
1 Samuel 1:22Men Ana pa t' ale. Li di mari l' konsa: -Fini m'a fin sevre pitit la, m'a mennen l' nan Tanp Seyè a kote li pral rete pou tout tan.
Psalms 78:4Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.
Psalms 131:1Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.