Mak 12:9
Bon! Kisa mèt jaden an gen pou l' fè ankò? La vini, la fè touye tout kiltivatè yo, epi la bay lòt moun jaden rezen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Yo mete men sou li, yo touye l', epi yo jete kò a deyò lòt bò jaden an.
Cross References
Leviticus 26:23Si apre tout malè sa yo nou pa korije toujou, n'ap kenbe tèt avè m' toujou,
Deuteronomy 4:26Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.
Joshua 23:15Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
Isaiah 5:5Enben! M'ap fè nou konnen sa mapral fè jaden rezen mwen an. Mwen pral kraze tout lantiray li a pou bèt antre vin manje l', pou yo kraze l' anba pye yo.
Isaiah 32:15Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
Jeremiah 17:3Nou menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo, m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a.