The Bible Software
bible.software › Matie › Matie 1 › Matie 1:19

Matie 1:19

Jozèf, fiyanse l' la, te yon nonm debyen. Li pa t' vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansaj la san bri san kont.

Bib La

In The King James Version

Then Joseph her husband, being a just man, and not willing to make her a publick example, was minded to put her away privily.

In Context

18Men ki jan Jezikri te fèt. Mari, manman Jezi, te fiyanse avèk Jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l' ansent pa pouvwa Sentespri.

20Li t'ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri.

Read all of Matie 1

Cross References

Genesis 38:24Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l' nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l', mennen l' deyò lavil la. Mete dife anwo l' jouk li mouri.

Leviticus 20:10Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.

Deuteronomy 24:1Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l' plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l'a voye l' tounen lakay papa l'.

Mark 6:20Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse.

Luke 2:25Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li.

Acts 10:22Yo reponn: Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l' anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l' pou l' te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l' la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Matie 1:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesThe Fourfold GospelJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← Matie 1:18Matie 1Matie 1:20 →