Matie 13:15
Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye ki pale konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou.
Cross References
Psalms 119:70Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.
Isaiah 6:10Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo.
Isaiah 44:20Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.
Jeremiah 3:22Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Seyè a ki Bondye nou!
Jeremiah 33:6Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje.
Zechariah 7:11Men, yo te derefize koute m'. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.