Matthew 19:23
Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen.
Cross References
Deuteronomy 8:10Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an.
Psalms 49:6(049:7) Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen,
Proverbs 11:28Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.
Matthew 5:20Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Matthew 18:3Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Mark 10:23Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a.