Matie 5:9
Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.
Bib La
In The King James Version
Blessed are the peacemakers: for they shall be called the children of God.
In Context
8Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye.
Cross References
1 Chronicles 12:17David soti al kontre yo, li di yo: -Si se an zanmi nou vini pou ede m', m' byen kontan nou vin jwenn mwen. Men, si se pou nou trayi m' bay moun ki pa vle wè m' yo, mwen menm mwen konnen mwen pa fè ankenn mechanste, mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. Bondye zansèt nou yo va wè sa, se li ki va pini nou.
Psalms 82:6Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.
Psalms 122:6Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.
Matthew 5:48Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.
Luke 20:36Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve soti vivan nan lanmò.
Romans 8:14Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye.