Nehemiah 6:10
Yon lòt jou ankò, m' te al wè Chemaja, pitit gason Delaja, pitit pitit Metabeyèl, lakay li, paske li menm li pa t' ka soti. Li di m' konsa: -Ann al nan tanp Bondye a, nan mitan kote yo mete apa pou Bondye a! Ann al kache kote yo mete apa pou Bondye a! N'a fèmen tout pòt yo byen fèmen, paske y'ap vin touye ou. Wi, aswè a menm, y'ap vin touye ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 6:5Kole kole ak miray yo, sou de sou kote yo ak sou dèyè Tanp lan ak pyès dèyè a, li fè bati twa ran pyès, yonn sou lòt. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè.
2 Kings 11:3Joas rete kache nan tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la pandan sizan. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.
2 Chronicles 29:3Ezekyas te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Li fè repare yo.
Ezra 8:16Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak direktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a.
Nehemiah 6:12Lè m' kalkile, mwen wè se pa t' Bondye ki te ba l' mesaj sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l' pou l' te di m' sa.
Psalms 12:2(012:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.