Numbers 22:23
Lè manman bourik la wè zanj Seyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l', bourik la chankre, li lage kò l' nan jaden. Balaram bat bourik la jouk li fè l' tounen sou wout la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 5:13Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?
1 Chronicles 21:16David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.
Daniel 10:7Se mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m' yo pa t' wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache.
1 Corinthians 1:27Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont.
Jude 1:11Malè pou yo! Y'ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye.