Revelation 16:13
Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap soti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 8:6Arawon lonje men l' sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a.
Psalms 105:30Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a.
1 Timothy 4:1Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.
2 Peter 2:1Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.
Revelation 12:3Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.
Revelation 13:1Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap soti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye.