Romans 11:4
Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm (7.000) pou mwen ki pa janm mete jenou yo atè devan Baal.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Konsa tou, koulye a, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo.
Cross References
Deuteronomy 4:3Nou menm, nou te wè sa Seyè a te fè bò mòn Peyò a, lè li te touye tout moun nan mitan nou ki te al fè sèvis pou Baal sou mòn lan.
1 Kings 16:31Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li.
2 Kings 10:19Se poutèt sa, fè chache tout pwofèt yo, tout sèvitè Baal yo ak tout prèt li yo, fè yo vin jwenn mwen. Mwen vle pou tout moun la, paske mwen gen pou m' fè yon gwo sèvis pou Baal. Si yon moun pa la l'ap mouri. Men se yon plan Jeou te gen nan tèt li pou l' te touye tout moun k'ap sèvi Baal.
Hosea 2:8Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal.
Zephaniah 1:4Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m'. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pesonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l' yo ankò.