Romans 15:3
Paske Kris la pa t' chache sa ki te fè l' plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 40:6(040:7) Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.
Psalms 69:20(069:21) Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.
Matthew 10:25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!
Matthew 26:42Li kite yo, li ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: O Papa m', si se pou m' bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l' devan je m', ou mèt fè l' jan ou vle a.
John 5:30Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle.
John 8:29Moun ki voye m' lan la avèk mwen. Li pa kite m' pou kont mwen paske mwen toujou fè sak fè l' plezi.