Song of Solomon 1:7
Manyè di m' non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m' p'ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 2:21Lè sa a, Rit di konsa: -Men sa l' di m' ankò: Se pou m' rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini.
Psalms 18:1(018:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (018:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
Psalms 28:1Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere.
Psalms 116:1Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.
Song of Solomon 2:16Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l' yo manje nan mitan pye woz yo.
Song of Solomon 3:2Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m' chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M' chache l', mwen pa jwenn li.