Titus 1:11
Se pou nou fèmen bouch moun sa yo, paske yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap moutre moun pou yo fè lajan nan move kondisyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 63:11(063:12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.
Isaiah 56:10Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.
Ezekiel 13:19N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou.
Micah 3:5Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo gen yon zo y'ap souse, y'ap mache di jan gen lapè nan peyi a. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Seyè a di sou pwofèt sa yo:
Matthew 23:13Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
John 10:12Yon nonm k'ap fè yon djòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l' wè bèt nan bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran mouton yo pote ale, li gaye yo.