Zechariah 7:9
-Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Seyè a pale ak Zakari, li di l' konsa:
Cross References
Leviticus 19:15Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki.
Deuteronomy 10:18L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.
Deuteronomy 16:18N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri.
Psalms 82:2Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
Proverbs 21:3Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li.
Jeremiah 7:5Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri.