1 Kings 8:58
Se pou li fè nou pa janm bliye l' pou nou ka toujou fè volonte l' nan tout sa n'ap fè, pou nou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li te bay zansèt nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:45Men kòmandman, lòd ak prensip Moyiz te ba yo apre yo te fin soti kite peyi Lejip.
Psalms 110:3Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
Song of Solomon 1:4Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
Ezekiel 36:26M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou.
Hebrews 13:21M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n' kapab fè volonte li. M'ap mande l' tou pou l' fè travay ki fè l' plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.