2 Kings 19:21
Men pawòl Seyè a di sou Senakerib: Lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 9:14(09:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.
Psalms 109:25Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.
Isaiah 1:8Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l' toupatou.
Isaiah 23:12Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo.
Isaiah 47:1Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.
Jeremiah 14:17Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.