2 Samuel 10:12
Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Joab ak sòlda li yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li.
Cross References
Deuteronomy 31:6Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.
Joshua 1:6Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a.
Joshua 1:18Se pou yo touye tout moun ki pa dakò ak lòd ou, osinon ki pa vle obeyi lòd ou bay, osinon ki derefize fè sa ou mande yo fè. Sèlman, met gason sou ou! Pa janm dekouraje!
1 Samuel 3:18Se konsa Samyèl rapòte l' tout pawòl Seyè a san kache l' anyen. Epi Eli di l': -Se Seyè a li ye, l'a fè tou sa li wè ki bon.
1 Samuel 14:6Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.
1 Samuel 17:32David di Sayil: -Monwa, pesonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l'.