Ezekiel 34:15
Se mwen menm ki pral okipe mouton m' yo. Se mwen menm k'ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
I will feed my flock, and I will cause them to lie down, saith the Lord GOD.
In Context
Cross References
Job 34:29Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.
Song of Solomon 1:7Manyè di m' non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m' p'ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo.
Isaiah 27:10Lavil ki te gen gwo ranpa ap fin kraze. Pa gen moun ki rete la ankò. Lavil la tounen yon savann. Se la jenn bèf vin rete, se la yo manje, se la yo kouche. Y'ap manje dènye ti pous raje.
Isaiah 65:9Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete.
Ezekiel 34:23M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.
Zephaniah 3:13Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.