Isaiah 65:15
Moun mwen chwazi yo va sèvi ak non nou pou joure moun. Mwen menm Seyè a, m'a fè nou mouri. Y'a di: Se pou Seyè a touye ou tankou l' touye moun sa yo! Men, m'a bay sèvitè m' yo yon bon repitasyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 62:2Jerizalèm, tout nasyon yo va wè delivrans ou. Tout wa yo pral wè pouvwa ou. Y'a ba ou yon lòt non, non Seyè a menm va chwazi pou ou a.
Isaiah 65:12m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pa t' reponn. Mwen pale nou, nou pa t' koute m'. Nou fè sa ki mal devan je m', nou pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.
Isaiah 66:15Seyè a ap vin nan yon gwo dife. Li moute sou nwaj yon gwo tanpèt pou l' vin pini moun ki te fè l' fache yo, pou l' regle yo jan li te di l'ap regle yo a nan yon gwo boukan dife.
Zechariah 8:13Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouraj!
Matthew 22:7Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l' yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.
Romans 9:26Tout kote yo t'ap di se pa pèp mwen yo ye. se la y'a rele yo pitit Bondye ki vivan an.