Jeremiah 4:9
Seyè a di konsa: -Jou sa a, wa a ansanm ak chèf li yo ap pèdi kouraj. Prèt yo pral sezi, pwofèt yo p'ap konn sa pou yo di.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:4Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo.
Isaiah 19:3Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò.
Isaiah 19:16Jou sa a, gason peyi Lejip yo ap tankou fanm: yo pral tranble, kè yo pral kase lè y'a wè Seyè ki gen tout pouvwa a ap leve men l' pou pini yo.
Isaiah 22:3Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gen tan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou.
Isaiah 29:9Nou pral sezi, nou pral rete bèbè! Fèmen je nou pou nou pa wè! Nou pral sou, san nou pa menm bwè. N'ap titibe san nou pa pran yon gout gwòg!
Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?