Leviticus 15:27
Si yon moun manyen yonn nan bagay sa yo, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 11:24Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:13Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sèt jou anvan li fè sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lè sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
Leviticus 17:15Mwen pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Zechariah 13:1Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa.
Hebrews 10:22Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.