Lik 8:42
Mwen gen yon tifi douzan ki sèl pitit fi m', mwen kite l' prèt pou mouri. Pandan Jezi tapral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l' toupatou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 44:20Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l'. Men, li mouri. Nan de pitit manman l' yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l' anpil.
Job 4:20Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pesonn pa wè sa.
Psalms 103:15Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann.
Ezekiel 24:16-Nonm o! Mwen pral rete konsa, mwen pral pran moun ou renmen tankou de grenn je nan tèt ou a. Men, pa plenyen, pa rele, pa kite dlo sot nan je ou!
Zechariah 12:10M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo.
Luke 7:12Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li.