Matie 25:1
Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann.
Cross References
Psalms 45:9(045:10) Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.
Song of Solomon 1:3Ou gen yon bon sant k'ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa!
Song of Solomon 5:16Anndan bouch li dous tankou siwo myèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen an ye, se konsa zanmi m' lan ye, medam lavil Jerizalèm!
Isaiah 54:5Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'.
Daniel 2:44Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.
Matthew 5:16Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.