Micah 2:9
Medam yo t'ap viv ak kè kontan lakay yo. Nou vini, nou mete yo deyò. Timoun yo t'ap jwi benediksyon mwen ba yo. Nou vini, nou wete tou sa nèt nan men yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 26:19Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
Jeremiah 10:20Yo ravaje tout tant nou yo. Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo. Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale. Pa gen pesonn pou mete tant nou yo kanpe ankò, pesonn pou moute rido nou yo.
Joel 3:6Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n' al vann yo bay moun peyi Lagrès.
Habakkuk 2:14Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.
Matthew 23:13Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
Luke 20:47Se piye y'ap piye pòv vèv yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Chatiman moun sa yo pral pi rèd.