Nahum 1:3
Seyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Seyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nwaj yo, se pousyè pye l' yo ap leve.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:16Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
Numbers 14:18Se mwen menm ki Seyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pesonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
1 Kings 19:11Seyè a di li: -Soti, vin kanpe devan Seyè a sou tèt mòn lan. M' pral pase! Seyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Seyè a. Men Seyè a pa t' nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Seyè a pa t' nan tranbleman tè a.
Job 9:4Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.
Job 38:1Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:
Psalms 50:3Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.