Romans 11:10
Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm. Fè yo mache do ba tout tan.
Bib La
In The King James Version
Let their eyes be darkened, that they may not see, and bow down their back alway.
In Context
Cross References
Psalms 69:23(069:24) Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!
Isaiah 65:12m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pa t' reponn. Mwen pale nou, nou pa t' koute m'. Nou fè sa ki mal devan je m', nou pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.
Romans 1:21Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.
Ephesians 4:18Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.
2 Peter 2:17Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nway gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou.
Jude 1:13Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.