The Bible Software
Psalms · Bib La

Psalms 47

1(047:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (047:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!

2(047:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.

3(047:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.

4(047:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.

5(047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.

6(047:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!

7(047:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!

8(047:9) Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.

9(047:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.

← Psalms 46Read In The App, Free →Psalms 48 →

Study Psalms 47

KJVMatthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschCharles SpurgeonScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Reina-Valera (Español)Bíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)

All Chapters

123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150