The Bible Software
Psalms · Bib La

Psalms 83

1(083:1) Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. (083:2) O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!

2(083:3) Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!

3(083:4) Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.

4(083:5) Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!

5(083:6) Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.

6(083:7) Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo,

7(083:8) moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.

8(083:9) Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.

9(083:10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.

10(083:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.

11(083:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,

12(083:13) paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.

13(083:14) Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.

14(083:15) Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,

15(083:16) se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!

16(083:17) Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou.

17(083:18) Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.

18(083:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.

← Psalms 82Read In The App, Free →Psalms 84 →

Study Psalms 83

KJVMatthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschCharles SpurgeonScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Reina-Valera (Español)Bíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)

All Chapters

123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150