The Bible Software
Psalms · Bib La

Psalms 12

1(012:1) Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (012:2) vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!

2(012:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.

3(012:4) Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.

4(012:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?

5(012:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.

6(012:7) Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.

7(012:8) Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!

8(012:9) Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.

← Psalms 11Read In The App, Free →Psalms 13 →

Study Psalms 12

KJVMatthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschCharles SpurgeonScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Reina-Valera (Español)Bíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)

All Chapters

123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150