The Bible Software
Psalms · Bib La

Psalms 61

1(061:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (061:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!

2(061:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

3(061:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.

4(061:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

5(061:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.

6(061:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.

7(061:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.

8(061:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.

← Psalms 60Read In The App, Free →Psalms 62 →

Study Psalms 61

KJVMatthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschCharles SpurgeonScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Reina-Valera (Español)Bíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)

All Chapters

123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150