The Bible Software
Psalms · Bib La

Psalms 9

1(09:1) Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. (09:2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.

2(09:3) Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.

3(09:4) Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.

4(09:5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen.

5(09:6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.

6(09:7) Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.

7(09:8) Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis.

8(09:9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.

9(09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.

10(09:11) Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.

11(09:12) Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.

12(09:13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.

13(09:14) Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè,

14(09:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.

15(09:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.

16(09:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.

17(09:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.

18(09:19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.

19(09:20) Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou.

20(09:21) Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.

← Psalms 8Read In The App, Free →Psalms 10 →

Study Psalms 9

KJVMatthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschCharles SpurgeonScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Reina-Valera (Español)Bíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)

All Chapters

123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150