The Bible Software
Psalms · Bib La

Psalms 7

1(07:1) Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. (07:2) Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo.

2(07:3) Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou.

3(07:4) Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal,

4(07:5) si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon,

5(07:6) ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou.

6(07:7) Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache.

7(07:8) Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout.

8(07:9) Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.

9(07:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.

10(07:11) Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.

11(07:12) Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.

12(07:13) Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.

13(07:14) Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.

14(07:15) Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti.

15(07:16) Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.

16(07:17) Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li!

17(07:18) Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.

← Psalms 6Read In The App, Free →Psalms 8 →

Study Psalms 7

KJVMatthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschCharles SpurgeonScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Reina-Valera (Español)Bíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)

All Chapters

123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150